Mwen pa dakò avèk Valéry Numa !



Nan emisyon ki te fèt Lendi 7 Oktòb 2019, Mwen gen yon ti dezakò avèk Valéry Numa nan ekstrè kote li t'ap pale de demokrasi a. Li te di ke si w' mande majorite Ayisyen ki sistèm politik yo vle,  yap reponnn demokrasi. Li te ajoute pou l' di menm moun ki di li vle demokrasi a depi nan vòt la p'ap asepte yon lòt di li vle yon sistèm politik diferan. Poutèt sa Valéry Numa konkli Ayisyen pa demokrat.

Li gen rezon an pati men refleksyon li an two senplis. Valéry Numa dwe admèt tan an chanje. Mwen pa kwè majorite Ayisyen vle demokrasi vre. Gen anpil Ayisyen ki pa satisfè de sa n'ap fè nou di ki rele demokrasi a. Dayè yo toujou ap di : Duvalier te pi bon menm lè dènye pawòl sa a pa gen anyen pou wè avèk lavérite. Epi pa janm gen yon ankèt oubyen yon sondaj ki konfime pwopo jounalis la.

M.Numa dwe konnen tou demokrasi se yon ideyal ke lèzòm ke nou ye p'ap kapab atenn li. Jan Jak wouso, filozòf fransè, ekri : " Si te gen yon pèp bondye, li t'ap gouvène demokratikman" ( traduction française: S'il y avait un peuple de dieux, il se gouvernerait démocratiquement). Daprè wouso, demokrasi twò pafè,Lèzòm p'ap janm ka aplike l' a 100% . Li pi bon nan lavi pou genyen yon ideyal menm lè ou konnen ou p'ap janm rive atenn li. Pa egzanp, tout moun gen pou ideyal pou yo ta rich. Genyen ladan yo ki vin rich vre men genyen ki pa arive sa. Li toujou pi bon pou genyen yon ideyal. Yon moun, yon pèp dwe toujou gen yon ideyal menm si li pa realizab ak realis.

Anplis, mesye Numa dwe konnen  tou pa aplike yon prensip demokratik pa fè yon moun pa demokrat. Si se pou sa pa gen yon Eta nan mond lan ki demokratik. Etazini nou di ki se yon gran demokrasi pa aplike prensip yo a 100℅ . N'ap pran egzanp ka venezyela a. An oksidan, yo toujou di pou pran pouvwa se nan eleksyon pou ale. Menm Peyi oksidantal sa yo pa rekonèt prezidan Nicolas Maduro ki sòti nan eleksyon men yo rekonèt Juan Guaido ki pwoklame tèt li prezidan.  Yo kontredi tèt yo. Eske nou ka di poutèt sa Etazini pa demokratik ?  Sa pwouve yon lòt fwa  ke demokrasi twò pafè pou lèzòm ki ap chache defann sèlman enterè yo.

Se diferans ki fè bote demokrasi a men anpil moun pa admèt nou ka diferan nan koulè po nou, nan lang n'ap pale, relijyon nou, nan ideyoloji politik nou, nan orantasyon seksyèl nou...

 M'ap fini refleksyon m' nan ak sitasyon sa de Winston Churchill: " La démocratie est le pire des régimes à l'exception de tous les autres".

Le bibliophile de Torcelle

Commentaires

Messages les plus consultés de ce blogue

Résumé du livre '' Gouverneurs de la rosée " de Jacques Roumain

TOUT CE QU'IL FAUT SAVOIR SUR L' ACTEUR DALONSO PHILIPPE (MK)

Shabba annonce qu'il va divorcer avec sa femme Diane Claudia